Pou Tchadensky JEAN BAPTISTE

•• yon pwezi Carl Henry BURIN •••


van an soufle
poutan pa t gen loray
van an soufle
nan yon syèl mwa mas
yon syèl ble digo ki t ap file lavi

van an koupe
li rache
li rache mezi batan
mezi klou gagit
ki te brake lesyèl

van an soufle
sanzatann

li pase sou Bèlè
li pran yon bal mawon
li desann ri channmas
li lage l nan yon trip

van an soufle
sanzatann

pou chak van ki vante
anba syèl Pòtoprens
g on nuit
ki gen maltèt
van pa n se gwo malè

van an soufle
li soufle
li koupe li rache
Leta k ap rele van

men
pou Tchad JEAN BAPTISTE
pou chak limyè k tenyen
nan mitan gran
jounen
Leta w mèt rele van w
yon jou n a koupe ke w
Leta w mèt rele van w
yon jou w a ban n nouvèl

Tchadensky JEAN BAPTISTE se etidyan Lekòl Nòmal Siperyè yon bal mawon te brase trip nan jou madi 21 mas 2023 a gwo midi, nan mitan Ri Channmas.
Nou se lonbraj ki ranmase mak pye n aprè chak pas dlo :


janbe janbe w kanmarad !
W a aprann nou janbe !

Leave a comment

Create a website or blog at WordPress.com

Up ↑

Design a site like this with WordPress.com
Get started