••• Yon atik Schebna BAZILE ••
Robby Johnsen Metellus, anpil moun konnen sou non Robby Blay, fèt 3 jen 1997. Li se moun Pòtpe, se la l fè tout etid klasik li avan l antre nan Inivèsite Leta – Kanpis Anri Kristòf Limonad, nan fakilte boza. Robby gen panchan pou domèn atizay yo depi l piti. Nan aktivite kiltirèl legliz li, li te toujou nan ekri sketch, jwe pyesèt, danse, e se konsa li dekouvri lanmou l pou pèfòmans atistik. Li pran plezi pou di « se andedan legliz mwen kòmanse fè bobo krache ak sèn ». Li grandi, e jounen jodi, makouti l chaje ! A kote ekriti, dans ak teyat, li egzèse nan domèn penti, eskilti, pòtrè kreyon, potrè plim (ballpoint pen), ekriti, slam, ak fotografi. E wi, Robby gen nan men l !
Moun ki kwaze Robby sou sèn ap ka dekri w jèn atis sa tankou yon moun k ap debòde. Literalman. Li gen yon vayb kontajye e ni piblik li, ni atis ki pataje sèn avè l ka temwanye sa. Kòm komedyen, li jwe ak twoup teyat Ganmèl, e li monte sèn ak Klèb Teyat Alliance Française Okap la. Li te patisipe nan festival RASIN an Mas 2022 kòm pent. Kanta travay manyèl li yo, kreyasyon l yo ofri yon orijinalite, yon touch otantik moun pa ka nye. Talan an la.




« Pi gwo objektif mwen, se pou m yon eleman itil pou sa k ap vini apre m yo. M ta vle yon modèl. Sitou pou moun ki viv menm pasyon avè m yo, men pou sa k pa viv atizay yo tou. Se pou sa m ap travay chak jou san kanpe pou zèv mwen rive pi lwen pase m. »
Yonn nan eksperyans makan nan pakou l, se fason l inisye nan desen ak plim. Se te peryòd grann li te malad grav, Robby t ap viv moman difisil ak fanmi l e li pa t ka jwenn sipò ekonomik pou achte zouti pou l travay. Sa k te pi aksesib pou li nan moman an, se te plim ak papye ; vwala kòman li lanse l. « Kòmansman an pa t fasil ditou. M te mal pou rete fokis pa rapò a tout sa m t ap viv yo, men m pa t janm anvi kanpe. » E jodi a, desen ak plim se pwodiksyon ki pi prezan nan pòtfolyo Robby Blay. Kòmkwa, gen mwayen pou pi move pasaj yo debouche sou pi bèl destinasyon yo. Enpòtan an, dapre Robby, se deside kisa w vle reyisi a travè zèv w ap kreye a, epi travay san kanpe. Teyori “atizay itil” la li tire nan men Nicko Design tounen yon won-pwen nan lavi atis li.
Pou moman an, Robby Blay ap travay sou yon pwojè ekspozisyon ki pote tit “Zenponyen”. Detay yo poko pataje ak gran piblik la men gen mwayen pou ret konekte ak travay li yo sou tout rezo sosyal yo. Gwo kout chapo pou travay konsiderab sa yo k ap kontinye bay prèv sou kantite talan jenerasyon sa pote.


Leave a comment