Conversation || Idantite pèsonèl | Micaëlle Charles ak Emmanuela Derissaint

••• Micaëlle CHARLES ak Emmanuela DERISSAINT ••


Micaëlle : M toujou panse yon moun ki pa onèt ak tèt li, ki pa konn tèt li, gen anpil bagay li pa p rive akonpli. Li pa p ka ekri, pa egzanp. Paske pou mwen, yon ekriven ekri pou tèt li avan tout bagay. Se pwennvi l, emosyon l, pèsepsyon l li ap pataje. Lè w ekri se yon moso nan ou ou bay… Ou ofri tan an ak limanite. Ou ekri pou tèt ou avan men kòm ou pa ka ou menm san lòt yo, toujou gen plas pou kolektivite a. Se nan sans sa m rete kwè moun bezwen solitid men yo pa ka viv pou kò yo tout tan.

Emmanuela : M panse yon moun ka deside ekri pou echape a tèt li tou. Oubyen pou nye sa l ye kòm endividi. Kettly Mars k ap ekri «l’heure hybride » oubyen Mackenzy Orcel k ap ekri «Une somme humaine» se prèv sou teren ekriti a, ou gen tout posibilite pou w sispann ou menm e kareman tounen yon lòt moun. E ou pa oblije pwopoze ni emosyon w ni valè pa w. Se pèsonaj ou antre nan po l la ki prime.
Epi m pa kwè ou pa ka ou menm san lòt yo. Okontrè li pi fasil pou w ou menm pou kò w epi on lòt moun lè w akonpanye. Li mande anpil kouraj pou yon moun pa trayi nati entrensèk li lè l an sosyete. Paske rete ou menm, nan yon mond ki toujou ap chèche kondisyone tout detay, sa mande anpil.

Micaëlle : M dakò ak apwòch ou a; sa ka mande depase tèt ou pou w rive ekri. An menm tan, gen mwayen pou w defye reyalite a; reekri w, rekreye w, envante ni ou ni tout sa w konnen nan yon lòt fason.
Wi, ou kòrèk lè w pale de atifis sosyal yo e se pou sa m te di moun bezwen solitid men yo pa ka rete viv nan solitid. Moun bezwen solitid pou l aprann konnen tèt li. Pou w konnen w vre ou dwe pou kont ou, rete ak tèt ou, pale ak tèt ou nan silans ou.
Men reyalize w kòm moun pa p posib si w ret nan yon kwen an solo. Ou bezwen antouraj ou pou w eksperimante lavi, pou grandi, renmen, evolye tou (nan sans akonplisman kolektif yo).

Emmanuela : Li pi fasil pou w “ou menm” lè w pou kò w men m twouve, paradoksalman, rega lòt moun sou ou ka aprann ou anpil sou idantite w. M p ap pale de validasyon men plis yon fason pou sitiye w. Nou souvan twò konfòtab epi toleran ak tèt nou. Sa ki ka vin fè jijman nou sou kalite moun nou ye a gen anpil chans pou l panche on bò. Pa egzanp, si yon moun egoyis, li difisil pou l rekonèt sa li menm. E se antouraj li ki ka aprann li sa. E si w renmen flè, se yon mouvman « resevwa flè » ak emosyon sa ap fè w viv ki ka konfime w lanmou w gen pou flè menm si w te prezime l avan.
Se pa toujou silans lan ki fè nou konn tèt nou tout bon. Pafwa, se bri bò kote nou yo.

Micaëlle : M dakò ak ou men m toujou panse silans ak solitid la pa negosyab. Se vre lòt la ka fè w remake yon aspè nan ou, men se ou menm ankò ki pou ale nan fon sitiyasyon an pou w wè si sa lòt la fè w remake, santi a se sa li ye vre. E se nan menm sans sa a tou m plede di nou pa ka viv san lòt. Nou pa ka egziste pou kont nou.

Emmanuela : Si li prèske sèten jodi a nou pa ka egziste pou kò n se paske nou te toujou egziste ak moun an reyalite. Moun te toujou kote n. E se paske se tablo sa a sèlman nou konnen. Se tankou on zwazo ki fè tout vi l nan kaj. Si w di l gen posibilite pou l vole, li p ap menm ka imajine l. Kidonk m panse afimasyon nou yo souvan chita sou modèl konstriksyon egzistans nou ye a. Se sa n konnen sèlman nou konfime oubyen dezapwouve vre. M p ap kouri di nou pa ka egziste poukò n. Piske n pa t janm eksperimante on kèlkonk egzistans solitè. Sa ki te ka pèmèt mwen etidye posibilite oubyen enposibilite ka a. Kidonk, m pa konnen vre si nou pa ta ka egziste poukò n. Petèt non. Oubyen… petèt wi.

Micaëlle : Gen yon bagay m souvan renmen mete aksan sou li nan kèk konvèsasyon : tout sa n ka afime, se an fonksyon de nivo eksperyans pèsonèl nou. Sa vle di sa n wè oubyen tande, sa sosyete nou vann nou kòm valè, nivo konsyans endividyèl ak kolektif nou elt.
Yon lòt kote, m toujou ret kwè yon moun pa janm ka di l konnen yon bagay san l pa eksperimante l. E la ankò, ou p ap janm ka “totalman” eksplore yon domèn vre paske sa w kapte a varye ak tan, sikonstans, dispozisyon pèsonèl ou nan moman ou viv li a. Ofinal nou pa ka vante tèt nou di nou gen tout konesans posib sou okenn sijè. Ti sa n konnen yo ap toujou minim pa rapò ak imansite koneksyon sijè yo gen ant yo.

Emmanuela : Bagay yo toujou plis pase nou…

Leave a comment

Create a website or blog at WordPress.com

Up ↑

Design a site like this with WordPress.com
Get started