Ricardo : M pa fè pwezi militan. M fè pwezi.
Si m te konn di l konsa, se te mank konpreyansyon… Mank matirite politik. Mwen militan, mwen powèt, men m pa fè yon pwezi ki rele pwezi militan. M konsyan tou gen yon griy analiz ki rele materyalis dyalektik. Men nan kontèks nou ye la a, m pa ka fè apèl avè l. Mwen se yon moun ki renmen pwezi nan tout sans tèm nan.
Emmanuela : Si w se powèt epi militan, si tou de flèch sa yo travèse w, pwezi w pa ka pa p milite e militans ou pa ka pa powetik. Si w nan angajman an, tout zouti k ap nan men w, se pratikman menm travay la w ap chèche fè avè l : defann kòz politik, pran pozisyon, kritike, responsabilize, elatriye. Se sa Césaire fè. Se sa Senghor fè. Menm si w renmen pwezi nan tout sans tèm nan, nan pifò travay powetik ou, se modèl moun ou ye ak kalite lavi w ap mennen an k ap pase…
Ricardo : M gen retni sou Senghor, nan egzanp ou pran an. Men m dakò li s on veritab powèt.
Pou m byen di w: Pwezi sa w rele pwezi militans lan ka pran plizyè fòm. Li ka prezante bèlte lavi “jan l ye a” tankou li ka chache sa ki ka rann lavi a pi agreyab. Se vre chache bèlte a trè difisil nan kondisyon n ap viv la. Reyalite a ka yon jan maske l. Men yonn nan devwa pwezi, literati, se montre bèl kote ki gen nan lavi. Militan yo, ak pwezi, dwe montre lanmou yo gen pou lavi tou. Militan an pa oblije sèlman ofri pawòl di, pawòl vyolans kont sitiyasyon difisil yo. Li kapab bay yon pwezi lanmou tou.
Emmanuela: Bagay yo gen kategori yo. M panse chak fòm pwezi gen sa ki defini l epi ki diferansye l de yon lòt. Si w nan lanmou, ou nan yon pwezi lirik ki chita sou emosyon ak sansibilite. Si w nan plenyen, ou nan sa yo rele pwezi elejyak la. Tankou gen pwezi didaktik, epik ak satirik. Kounya si w nan batay pou kòz ak respè dwa, si w nan soutyen tèz, si w nan defans pozisyon ak powèm, ou p ap fè lòt bagay ke pwezi militan an. Se pa yon “pwezi pou militan”. Se yon “pwezi militans”. Se goumen l ap goumen li menm. Se envite l ap envite lòt yo alaksyon. Li ka nan emosyon men se yon emosyon k ap alète, k ap sansibilize ak sijè ki konsène kolektif la. Se sa ki karakterize l menm.
Ricardo : Premyeman, m pa wè lanmou an senplis konsa. Dezyèmman, kesyon kategori ou vle pale a, li fè klasisis. Nou pa nan 17èm syèk la. Epi, nou pa nan sal klas tou. Nou nan lavi a dirèk, san n pa bezwen moun k ap asire kominikasyon pou nou ant nou ak li. Sa vle di, lanmou pou lavi, se yon lanmou k ap kontrekare tout sa k vle kontrekare lavi. Si w vle rele l militans, angajman, batay, m pa ka anpeche w.
Sa w dwe konnen tou, anpil fwa se lanmou ki mennen moun defann yon koz. Youn nan pi gwo powèm lanmou m konnen, se yon powèm ki enskri l nan yon demach militan. Powèm sa rele: “Je ne viendrai pas ce soir”, e se René Depestre ki ekri l. Mwen m panse lanmou pou lavi diferan de lanmou ou konnnen m konnen w konnen an.
Emmanuela: Nan nenpòt domèn w ap evolye nan Atizay, disiplin nan defini. Pwezi ret pwezi. Menm si tout pwezi pa menm. Tankou tout mizik se mizik, men menm si moun k ap chante a pa konn ki sa l ap chante, sa l ap chante a enskri tèt li nan yon rejis otomatikman. Tankou l ye pou teyat. Tankou l ye pou dans. Elatriye. Klasisis pa demode jan w souzantann li an. Menm si w ka pa nan demach idantifye w la, idantite a la.
Menm lanmou w ap pale a, li pa fonksyone ak menm fraz yo tout kote. Epi m pa t pale de yon lanmou “k ap di bèlte” men yon lanmou “ki vle bèlte”. E se pou sa se batay l ap batay. Se pou sa tou m panse lanmou nan sans sa a trayi sa “lanmou” sipoze ye toutbon an paske ou kondisyone l. Lanmou vrè a pa kontrekare anyen. Li pa gen ni fonksyon ni finalite pratik. Nan militans, w ap di on lanmou pou lavi nan entansyon deranje sa k deranje lavi. Kidonk, w ap tann rezilta. Men si l te lanmou vrè m te esplike talè a, li t ap sèlman lanmou pou lavi. Pwen.


Leave a comment