Conversation || “Jwe teyat” | Badio ak Emmanuela Derissaint

••• Badio (Mario N. PANDACHE) ak Emmanuela DERISSAINT ••


Badio : Kòm komedyen, m twouve yonn nan posibilite teyat ofri m se eksperimante sa m pa ye nan reyalite lavi m chak jou sou sèn. Pou mwen, viv se viv, jwe se jwe. Jwe byen se bay moun ki ap gade a enpresyon w ap viv pèsonaj w ap jwe a tout bon, bay enpresyon l ekziste vre, lè pyès la fini pou l pale de li kòmsi se yon moun li fenk sot rankontre pandan ou menm se jwe w ap jwe l san w pa santi/viv anyen nan sa l santi/viv tout bon. Similasyon sou tout liy lan.

Emmanuela : Si teyat se similasyon sou tout liy lan, m imajine mal kòman yon komedyen fè kriye sou sèn e menm rive gade nen l k ap bay dlo alòske l moun li ye toutbon an pa santi anyen. Kò w pa ka reyaji nan manti ak sa k ap travèse l nan moman an. Si w renmen tout bon, ògàn ki rele kè a ap di w sa. Si w pè, sa k ap pase nan vant ou ak pwatrin ou ka temwanye. E si w ap kriye sou sèn nan yon sitiyasyon ki pa sa w ap viv men sa pèsonaj la ap viv, se paske w ap viv pèsonaj la. Kidonk ou menm avè l blennde fè yon sèl. Yon komedyen ki ap jwe pèsonaj li a nan plas viv li se yon move aktè, daprè mwen. Pa gen byen jwe nan teyat. Se byen viv sa w ap jwe a ki byen jwe.

Badio : Viv rete yon bagay apa. Ou viv chak jou, ou jwe lè w sou sèn. Kriye, fè nen fè larim, ak tout lòt siy ki montre emosyon eksktrèm yo se maniplasyon yon seri zouti teknik komedyen an genyen ki ede l rive atenn dimansyon sa yo. Se la a fòmasyon akademik/teknik la jwe yon wòl enpòtan. Pa gen kote moun aprann moun viv poutan yo aprann moun jwe.
Pou mwen menm, ou pa yon bon komedyen lè w oblije viv (tout bon) sa w ap jwe a pou l ka parèt reyèl nan je moun k ap gade. Sinon yon moun ki ap jwe wòl yon vyolè oblije santi l se yon vyolè tout bon pou l ka reyisi nan wòl la. Menm jan pou yon kriminèl. Dayè, gen reyaksyon si w genyen yo pandan w ap jwe ki ka montre limit pwofesyonalis ou pandan yon sèn. Ann di pa egzanp si w bande tout bon pandan yon sekans ki gen karaktè seksyèl. Ta dwe toujou gen distans ant sa w ye tout bon ak sa w ap jwe a. Se sa ki mèvèy la dapre sa m konprann. Maji a chita nan tabli ekilib ant sa w ye pou tout bon ak sa w ap jwe a. Komedyen an dwe jwenn mwayen pou l rete sou fil sa a; sinon gen risk pou l pèdi kiyès li ye tout bon.
Pi lwen, li posib pou w viv tout bon sa w ap jwe a. Sa kapab rive. Men nan ka sa a pa gen pèfòmans ankò, pa gen jwèt dapre jan m konprann bagay yo. Si byen jwe se rive viv tout bon chak pèsonaj w ap entèprete, ou wè ka yon moun ki poko klè sou idantite l ki ap fè teyat ? Li riske mennen pèsonaj li yo nan reyalite lavi chak jou l, sa ki ka fè l viv nan manti ak tout moun ki bò kote l chak jou tou. Lavi pa yon pyès teyat. Men petèt teyat se similasyon lavi.

Emmanuela : Lavi se yon pyès teyat. Monn lan se yon gwo sèn. Lasyosyete se metè an sèn. Moun yo se pèsonaj yo. Rapò n ak lòt yo se wòl n ap jwe a. Li t ap posib pou n pa ta ap jwe yon wòl sèlman si n t ap viv totalman pou kò n. Men lè n ak moun, gen yon dal prensip ak règ yo enpoze n ki oblije n abandone vrè nati n pou n konfòme n ak sa kominote a mande. Gen anvi n genyen, si n pa satisfè yo, se paske yo aprann nou sa a pa bon (touye moun, vyole moun) alòske moun nou ye toutbon an ka mande l. Men lè n gade tretman ki rezève a moun ki suiv enpilsyon yo san restriksyon epi jijman ki pote sou yo, nou dakò rete nan kad sèn nan epi suiv metè an sèn nan. Konbyen moun, nan vrè vi a, ki rive fè yon moun kwè yo renmen l ak tout kè yo alòske yo nan silimasyon sou tout liy lan ? Konbyen moun ki se «Life coach» alòske yo p ap regle anyen ak lavi yo ? Konbyen moun ki se definisyon lajwa lè yo nan lari alòske y ap soufri depresyon nan chanm yo ? Konbyen mari ki, aprè 10 lane nan kay ansanm, poko janm konn madanm yo ki ap dòmi dèyè do yo? Men sa m rele pèfòmans. W ap pèfòme lè w gen konsyans ou nan manti ak tèt ou. E si m di w gen moun k ap jwe yon wòl (nan teyat) ki pandan tout pèfòmans lan bliye si y ap pèfòme e nan yon verite total ak tèt yo ? Ou pa ka nye yo viv pèsonaj la ak plis entansite lè yo dezabiye yo de moun yo ye a toutbon epi bay pèsonaj la kò yo. Se depouyman an ki libere yo. Ou imajine yon moun k ap jwe yon pèsonaj e ki nan moman an plede ap repete tèt li se jwe l ap jwe, li pa dwe viv pèsonaj la ?
Gen plis pèfòmans nan lavi pase nan teyat.

Badio : Ou nan aspè moral kesyon an, e sou pwen sa ou kòrèk. Mwen m anvi manyen koze a sou yon ang ki wè teyat tankou yon aktivite pwofesyonèl, ki gen règ ak mòd fonksyonman l.
Depouyman (nan teyat) mande w pou w kite valè w, prensip e tout prejije w te ka genyen avan w abòde yon wòl ou akspete jwe yon fason pou w kapab eksprime w totalman. Nan yon sans, se kite sa w ye tout bon pou w kapab al ” jwe “. Sa fèt nan lide pou jwèt la reyisi, pou l konplè, pou komedyen an ka eksprime l nan tout li menm. Depouyman pa ” libere ” tankou w di l la. Li prepare w, se tankou jwè foutbòl la k ap chofe avan l monte teren. Nan teyat preparasyon sa a fèt sou plan moral, pa bliye n ap pale de yon disiplin atizay “vivan” tankou maton yo di l. Se yon detay enpòtan mwen ret kwè sa ye. Pi lwen, di lavi se yon pyès teyat se dakò posibilite manti nan relasyon youn lòt, se dakò nou youn kapab ap jwe ak lòt, se touye posibilite pou nou reyèl konplètman. Gen yon epòk mwen te konn panse sa tou, ak distans mwen vin rann mwen kont “fòmalite” yo pa oblije toujou ranpli ak yon finalite vre. Ou ka di bonjou paske w anvi swete yon moun sa yon bon jounen vre pa paske w anvi parèt byen leve/bon moun ou byen senpman paske w anvi kòmanse yon konvèzasyon. Sinon, pouki gen ak moun nou pi alèz pase yon lòt ? Pouki gen moun nou nou menm konplètman ak yo ? Pouki gen moun nou pa santi nesesite jwe/konfòme/parèt yon jan an ak yo ? Paske li posib pou w reyèl, pou w ou menm tout bon nan lavi e se souvan sa ki fè moun sa yo parèt spesyal nan je nou. Ap toujou gen fòmalite paske yo reponn a yon sousi politik ki se òganizasyon lavi nan sa n rele kominote yo. Fòmalite yo nan yo menm pa yon move bagay. Se pouse yo nan ekstrèm yo mwen panse ki deranje. Se tankou moun yo ki mete “savwaviv” nan pwogram lekòl yo e ki fè timoun konpoze pou “matyè” sa a. Ou ka toujou fè bon nòt pou li poutan w konpòte w mal suivan règ yo aprann nan kou sa a nan reyalite chak jou w. Epi yon lòt bò, nan yon pyès, depi avan w monte sèn ou konnen w pral jwe. Nan lavi, yo antre w nan sa ou rele jwèt la ak lide li reyèl, li tout bon. Gen moun ki pa janm doute yon fwa de dimansyon reyèl jwèt yo ladan l lan. Yo kwè l pou jis yo mouri. Sa ki p ap janm fèt pou yon komedyen avan yon wòl sèlman si l ta pèdi tèt li, konfonn reyalite l ak jwèt li. Ou kapab gen rezon lè w di gen plis pèfòmans nan lavi pase nan teyat la, pa paske lavi se yon pyès men pito paske anpil moun pyeje nan sousi konfòmite, parèt epi akseptasyon anvan tout bagay e bliye posibilite pou w ou menm san w pa deranje pèsòn nan. Pou l ta pase tout lavi m ap jwe ? Sosyete, si l ta metè an sèn vre, li t ap ri m anpil. Mwen ta pito fè vi m spektatè.
Teyat se jis yon bagay an plis nan lavi.

Emmanuela : Aspè moral kesyon yo toujou pi enteresan.
M panse konpare depouyman nan teyat ak echofman nan foutbòl se nye tout sibjektivite premye sitiyasyon an, tout objektivite dezyèm nan. Teyat se yon aktivite pwofesyonèl tankou foutbòl men fon yo pa menm. Nan foutbòl pa egzanp, se ou sèlman yo wè kòm antite men nan teyat oubyen sinema, ou oblije sispann ou menm pou yo pran w sèlman pou pèsonaj ou enkane a. Se pou sa pifò Ayisyen pa konn «Sylvester Stallone» men tout konn «Rambo». Ou pral di m se menm bagay la pou «Pelé». Men nan premye ka a, «Sylvester Stallone» ak «Rambo» se de antite diferan. Youn pa konn anyen de lòt. Alòske «Pelé» ak «Edson Arantes» se menm moun nan. Kidonk, pwosede pou w prepare w pou w monte sou yon pyès teyat epi sou yon teren foutbòl pa gen anyen pou w wè youn ak lòt, daprè mwen.
Ou gen tandans fè sitiyasyon pèsonèl ou anpeche w admèt reyalite ak verasite yon sitiyasyon ki depase w jis paske w santi sa ka enplike w. Si w di : Lavi bèl, se yon enonse definitif. Men Lavi m ka pa bèl. Sa pa anpeche enonse a toujou kenbe. Lavi pa w oubyen pa yon lòt ka pa yon pyès teyat. Sa pa fè lavi pa yon pyès teyat pou sa. Paske pa manke moun k ap jwe tou kote. Di «Lavi se yon pyès teyat» se jisteman di foste ki abite relasyon moun ak moun toupatou sou tè a. Lekòl, pa egzanp, se youn nan kote ki aprann ou jwe anpil. Pou legliz menm, se pa pale. Li entèdi pou w ou menm, san filtè, kote sa yo. Sa pa vle di gen moun ki pa yo menm la, nenpòt jan. Sa vle di tout kondisyon yo reyini pou anpeche sa paske pou dirijan yo, pa gen posibilite pou moun yo menm san deranje lòt oubyen nui kòd etabli. Epi pi lwen, m panse kondisyon aktè a ka depann de anviwónman an. Ou ka pa ap jwe lè w avè m, men ou sispann ou menm lè ou ak papa w. Yon moun nan lari fè w yon bagay ki deranje w, ou joure l ak tout sa mo a charye avè l. La a, ou vrè. Men pwofesè w fè w menm bagay la. Ou panse ak konsekans sa ka genyen si w reyaji. Ou poze. Men se pou kad la w oblije. Si yon moun kèlkonk di w yon bagay ki pa sa, w ap di l l ap bay manti menm kote a. Si se pastè w, w ap di Amèn. Paske gen yon jan w vle parèt devan l kòm Fidèl/elèv ki trayi moun ou ye a. Se la pèfòmans lan ye.
Se petèt pa ka pa w. Men se ka pifò moun ki sou sèn lavi a.

Leave a comment

Create a website or blog at WordPress.com

Up ↑

Design a site like this with WordPress.com
Get started