Marianata Sylvaince respire Atizay

••• Yon atik Emmanuela DERISSAINT ••


Si kè w ak nanm ou pa reponn prezan nan randevou w dwe pran chak jou ak mòd lavi w ap mennen an, gen anpil chans pou w toujou santi w manke moso. Gen yon jenn fanm 24 lane ki te konprann sa bonè.

Lè l fin fè etid segondè l a letranje, li te kòmanse etidye sikoloji. Men byen vit, li reyalize se pa alimèt sa a ki te fèt pou leve dife l. Li te santi si pou l ta layite nan bòl li toutbon, li dwe fè yon lòt chemen. Nan mitan kafou kat li te kanpe a, li te ka pran nenpòt direksyon, daprè sa li rakonte nou. Men pasyon li te genyen pou desen depi byen lontan an pouse do l epi fè l pran wout atizay, malgre li pa t konnen sa k t ap tann li pi devan. Depi lè sa a, men li ! L ap vanse. San kanpe.
Lasosyete, Marianata A. Sylvaince!

Atis la fèt nan vil Jakmèl, nan peyi Dayiti. Jiska 8èm (uityèm) ane segondè l, se Sant Alcibiade Pommayrac li te frekante. Li te kite peyi a pandan yon tan pou l al fini etid li e jodi a, Ayiti ap jwi l kòm pent, powèt, ekriven e li mete sou pye pwòp mak rad li gras a talan grafis li. Marianata itilize platfòm an liy yo, patikilyèman instagram, pou pataje pakou atistik li. Kont “@muhreahwrites” li a konsakre a literati, “@klbclothing” pou mòd epi “@iartsysam” pou penti. Pa panse Marianata rezime a sa yo sèlman. Nan moman an, l ap panse a mizik kòm pwochen medyòm atistik li gen pou eksplore. Desideman, se yon fanm ki vle mete chemiz atizay li ni nan lanvè, ni nan landwat.

« Mwen komanse kreye ak konsistans depi lane 2017. M te toujou konn fè desen depi m piti, men paske antouraj mwen pa t souvan konprann kreyasyon m yo e pa t souvan sipòte travay mwen, m te toujou wè Atizay tankou yon bagay mwen ap sèlman ka fè pou m pase tan m ak fristrasyon m. Men m ka di depi an 2017-2018 kreye pran majorite tan m ».

Gran avanti sa kòmanse toutbon pandan patisipasyon l nan yon edisyon «Livres en folie» ki te fèt nan alyans fransèz Jakmèl. Kèk liv Odette Roy Fombrun, youn nan ekriven ayisyen prefere l, pral kapte atansyon l. « M te vrèman renmen kouvèti liv li yo. M te damou ilistrasyon ki te anndan paj yo. Se depi lè sa m konnen m te vle ilistre liv timoun ».

Sepandan, Marianata pa yon moun ki konfòtab nan yon sèl koulwa. Li natirèlman gen yon pakèt stil li renmen e vle eksplore. Li pa bay tèt li limit. Anplis li pa yon fanatik pèfeksyon. Pou li, yon atis pa ta dwe fèmen tèt li nan mitan okenn parantèz endividyalis. Si gen de mo li pa janm sispann repete se «kolektif la». Kòmkwa Atis la pa travay pou tèt li sèlman e pa dwe janm avòte feblès li. « Pou mwen, yon vrè Atis se yon moun ki ka vilnerab e pataje nanm li ak mond li. Se yon moun ki pare pou pataje sa l ye kolektif la, ki vin kontribiye yon fason ou yon lòt nan mond lan. Sa mande anpil entegrite, anpil fòs, e se pa yon karyè pou moun ki sèlman gen lajan kòm objektif ».

A travè zèv li yo, li di l pale de sa l aprann sou wout li. Li pwopoze otantisite epi fè pase sa l santi avan tout bagay. Li pa konn si se Atizay ki chwazi l. Men l konnen chak jou li leve li chwazi Atizay.

Menm si Marianata toujou travay yon fason pou ofri nouvote, li pa nye prezans lòt Atis nan chan travay li. « M suiv plizyè atis ki enspire m, plizyè ki aprann mwen ki kalite atis mwen vle ye e kisa mwen chwazi pote nan kominote m ak mond mwen. Gen kreyatè tankou Pyelila, ki vrèman pouse m bay plis nan travay mwen e atis pent tankou Didier Civil ki envite m kesyone m sou tip sijè mwen vle eksplore nan karyè m ».

Pou pwojè, gen anpil. Nan moman an l ap travay sou «Metamòfoz» ki spesyalman enpòtan pou li. « Se pi bèl pwojè atistik mwen janm devlope! Tankou tit la di l, se yon metamòfoz spirityèl e pèsonel. E se yon kò travay ki enkòpore zèv vizyèl mwen ak ekri m nan yon sèl. Se yon pwojè mwen konnen ki ap rive vrèman lwen. Se patisipasyon pa m nan edikasyon tèt mwen, antouraj pwòch mwen ak kolektif la. Mwen ankouraje tout moun dekouvri l ».

E a kesyon : èske l ap kanpe yon jou a, Marianata A. Sylvaince reponn : « Mwen ka itilize yon lòt chanè l pou m eksprime m, m ka itilize yon lot medyòm. M ka ekri jodia, m ka fè desen demen, aprè demen m ka chante oswa pwodui mizik, men m pap janm sispann kreye ».

Leave a comment

Create a website or blog at WordPress.com

Up ↑

Design a site like this with WordPress.com
Get started