••• De Schebna BAZILE ••
Pami jèn pwodiktè mizik peyi Dayiti bay pou 10 dènye ane sa yo, ManitoNation ap nan tèt lis sila ki gen plis talan yo. Se yonn nan ra moun tou ki rive kolabore ak mizisyen oubyen chantè nenpòt tandans san pèdi esans atistik li ni idantite l. Soti nan « Mr Brandon » ak Peedy e Guarionex, pase pa « Majori » ak BelO, pran « Premye fwa » TroubleBoy la ak « Madmwazèl » Chris Morning, ateri nan « Gwo lobo » ak Kolo e Kabysh, li sètifye : ManitoNation peze lou !
Ane 2022 a make 11 lane depi avanti l kòm pwodiktè mizik te kòmanse. Premye pwojè li travay sou li, se te yon albòm Luidji Hilaire. Sou 15 mizik ki te pibliye, li te pwodui 12. Alepòk, li te gen 16 lane sèlman. Kòmkwa laj pa janm yon baryè lè jeni an anndan w tout bon.
ManitoNation konekte ak mizik depi l ti kat-kat. Anplis de pyano li byen metrize, li te konn jwe flit ak klarinèt nan fanfa Collège Notre Dame. Se konsa li te vin mizisyen lidè nan CND Express ak plizyè gwoup e koral nan vil Okap. Donk se depi sou ban lekòl l ap poze pyon pou l vin moun li ye jodi a. E chak fwa ou mande l sekrè reyisit li, l ap di w ak yon gran souri « chak jou m leve, m bay tèt mwen devwa pou m pi bon pase moun mwen te ye yè a ».
Ki kote non ManitoNation nan soti ?
Bon non l se Emmanuel Fils Jacques. Manito te toujou yon non-gate. Lè l kòmanse fè beat, premye non li te travay ak li se te « ManitoBeat ». Men nan tout pataj ak zanmi l, li te toujou ap di yo : « rèv mwen se fè mizik ki ka woule nenpòt kote nan mond lan, pou zèv mwen ka travèse tan san l pa vyeyi epi pou nenpòt nasyon ka resevwa vayb ki degaje nan sa m pwodui yo. » Se pa rapò a sa antouraj pwòch li te kòmanse rele l “ManitoNation”. Li te apwopriye l non an byen fasil epi se konsa ManitoBeat tounen ManitoNation.
Atis ak enplikasyon sosyal ak kominotè.
ManitoNation gen yon lide ase tranchan sou kesyon enplikasyon yon atis nan sa k ap pase nan kominote l. « Mwen m panse yon atis gen anpil redevans a kominote l ap evolye ladann nan. Non sèlman paske sa w ye depann de li, men paske tout sa ou genyen pou pataje yo, ou tire yo yon fason oubyen yon lòt nan kote w ap evolye a. Yon lòt rezon se paske lè peyi a gen pwoblèm, ou kòm atis se premye moun ki kanpe. Lè bagay yo ap reprann, ou se dènye moun k ap relanse. Mwen pèsonèlman, mwen konsidere yon atis tankou yon moun ki gen posibilite pou bay ton nan tout mouvman sosyal. Se pou sa m toujou fè sa m kapab, menm si pwojè yo poko nan nivo m swete yo, pou m jwe patisyon pa m nan. »
Sa gen kat lane, pou anivèsè l, Manito te lanse pwojè « yon rekòt kafe, yon pye bwa » ki te vize rebwazman yon espas nan zòn Ti Ginen, Okap. Plizyè fwa, li patisipe ak gwoup e asosiyasyon nan vil la pou vizite, pote èd epi sipòte òfelina, lopital, biblioyotèk elt. Nan moman an, li di l ap travay sou kèk lòt pwojè, patikilyèman pou Lopital Justinien nan Okap. « M vrèman panse, pandan n ap egzije responsab gouvènmantal yo pran responsabilite yo, gen travay sitwayen nou ka toujou antreprann » li te ajoute pou kore pozisyon l lan.
Yon nouvo fòma nan pwodiksyon ManitoNation yo : layv.
« Pa gen yon sèl fòmil pou pataje mizik. Layv yo ofri yon lòt tematik ki rive rasanble plizyè ritm ak tandans sou yon menm trak. E gras a imaj ki pwodui yo, se tou okazyon pou fè pwomosyon pou peyi a an jeneral e pou rejyon Nò a an patikilye. »
Sou anpil nan platfòm anliy yo, n ap rejwenn plizyè piblikasyon ki suiv demach sa e ki fèt ak kolaborasyon kèk lòt atis tankou Ti Tanbou ak Kolo. Sa tou pèmèt moun ki poko gen gran chans suiv yon pwogram ManitoNation gen yon lide sou kòman atis la pèfòme.
Depi ane 2021 an, moun Okap, Pòtoprens ak Sanntyago ap pwofite de yon bèl toune, « Gwo Lobo tour », nan kolaborasyon ak Kabysh, Kolo, Paul Beaubrun, Ti Tanbou e Badio. Toune sa pran pou tèm yonn nan mizik ki te sou dènye EP l la ki pote non « trip tropikal ». Epi se chak 27 desanm, depi katran, ManitoNation pran vil Okap daso ak yon kokenn chenn pwogram sou tit « DEKONEKTE ». 27 desanm prèske tounen yon dat mitik. Jou a toujou rezève a piblikasyon ak vant siyati yon nouvo pwojè mizikal ManitoNation. Pa janm gen kote pou pike zepeng. Fanatik ManitoNationn toujou reponn prezan e chak ane toujou gen plis moun pase ane avan an. « Mwen pa p janm rekonesan ase pou sipò ak ankourajman mwen jwenn nan men piblik mwen. Se lanmou nou ki ede m grandi. »
Souwè a se pou l grandi plis toujou e kontinye voye kilti Ayisyen an monte toupatou nan mond lan. Yonn nan asirans nou ka genyen, se repons li lè n mande l èske li konn tante kraze yon kite sa. « Janmen ! » li reponn san grate tèt. O kontrè, l ap elaji chan travay li nan pwodiksyon “soundtrack” pou sinema. Li kòmanse sa deja ak BOYO, yon fim-dokimatè, kote li siyen 12 son sou 15. Kidonk nou ka espere yon ManitoNation ki pa p sispann travay e enspire anpil lòt jèn talan konsekan nan sosyete n nan. Nou bezwen sa.


Leave a comment